đŸ‡·đŸ‡șđŸ‡șđŸ‡Šâ–¶ïžPitit Fi Ris ki ‘SĂšvo Politik Putin’ Mouri Apre Machin ni EksplozeđŸ”œ Li atik lađŸ”œ

Nan foto sa a ke Komite Envestigativ Larisi distribye bay lapres, ankete ap egzaminen lye kote machin pyeje Daria Dugina a sote andeyo Moskou, 21 Out 2022.






Otorite Ris yo di yon pitit fi yon filozĂČf politik ki gen anpil enfliyans e ke yo konn dekri souvan tankou « sĂšvo Putin » mouri nan yon machin pyeje.
Branch Komite Envestigativ Ris la nan Moskou di enfĂČmasyon preliminĂš li genyen endike yon bonm sote andedan pajewo Daria Dugina, 29 an tap kondwi.
Li tap travay kĂČm prezantatris nan televizyon e li se pitit fi nasyonalis ak filozĂČf Alexander Dugin.
Medya Ris yo di eksplozyon an fĂšt nan moman dam nan tap tounen lakay li apre li te sot asiste yon festival kiltirĂšl ak papa li, ki apiye ak tout fos li lide pou Larisi voye twoup nan IkrĂšn.
Yon konseye prezidan Ikrenyen an demanti IkrĂšn gen anyen pou wĂš ak atak ak bonm nan.

Laisser un commentaire