đŸ‡·đŸ‡șđŸ‡șđŸ‡Šâ–¶ïžMoskou Konfime l ap Negosye Pou Twoke Griner Pou yon Trafikan Zam RisđŸ”œ Li atik lađŸ”œ


Yon diplomat Ris konfime Samdi ke Moskou ak Washington ap diskite sou yon mwayen posib yo te ka twoke yon prizonye Ris ki enplike nan trafik zam ke yo te arete Ozetazini ak Brittney Griner, jwĂšz baskĂštbĂČl AmerikĂšn yo te arete pou trafik dwĂČg nan Larisi.

LĂšzetazini te deklare plizyĂš fwa ke li te fĂš yon « ĂČf sibstansyĂšl » pou jwenn liberasyon 2 Ameriken yo te arete nan Larisi: jwĂšz baskĂštbĂČl Brittney Griner ak yon ansyen sĂČlda Ameriken, Paul Whelan.

DaprĂš medya Ameriken yo, yo ap eseye twoke 2 sitwayen ameriken sa yo pou yon trafikan zam Ris ki nan prizon Ozetazini. Misye rele Viktor Bout, e moun nan lari rele’l « machann lanmĂČ a ».

Bout te jwenn arestasyon l nan Thailand an 2008 e l li ap pase yon santans 25 an prizon Ozetazini.

« Diskisyon pou yo twoke prizonye yo ap mache atravĂš mwayen ke 2 prezidan yo te chwazi  » se sa direktĂš depatman Amerik di NĂČ nan MinistĂš AfĂš EtranjĂš Ris la, Alexander Dartchiev, te deklare.

Un commentaire

  1. MĂšsi pou enformation yođŸ™đŸœ

    J’aime

Laisser un commentaire