
Yon 2Ăšm ponpye mouri nan Kiba, kote ekip sekou yo metrize yon kokenn eksplozyon ki te tanmen semĂšn pase a nan yon depo petwĂČl kle pou peyi a pandan gen yon kriz enĂšji k ap vin pi grav.
Ponpye a ki gen 42 lane e ke yo idantifye kĂČm Elier Correa, te entĂšne lopital nan yon eta grav, dapre sa Cubadebate rapĂČte jedi. 14 lĂČt ponpye disparĂšt apre yon kout zeklĂš, vandredi a, te deklannche dife a, ki blese 130 moun e detwi 4 sou 8 tank nan enstalasyon an.
Eksplozyon an te fĂČse otorite yo evakye plis pase 4-mil-900 moun epi fĂšmen tanporĂšman yon izin elektrik apre li te pran pĂ n dlo, kote se Meksik, Venezuela ak Bolivi ki te voye Ăšd.