
Minis Defans Danwa a te anonse nan Jedi ke 26 peyi te pwomĂšt 1.5 milya ero pou ekipman ak fĂČmasyon twoup Ikrenyen yo. Peyi sa yo te fĂš pwomĂšs sa yo nan yon konferans entĂšnasyonal nan vil Copenhag.
Morten BĂždskov te di nan yon konferans pou laprĂšs: « Tout nasyon k ap patisipe yo te pwomĂšt sipĂČ yo. »
Yo pa presise ki montan don egzak ki soti nan chak peyi tankou (Lafrans, Almay ak Etazini) , men Danmark li menm te deside anonse ki kantite kĂČb li te mete nan anvlĂČp pa li ki se $114 milyon, ki vle di kounya chif total lajan ke yo bay IkrĂšn depi kĂČmansman lagĂš a monte a prĂšske $417 milyon.
Grann Bretay, ki te ĂČganize reyinyon an ansanm ak alye Scandinavian li yo ak IkrĂšn, te pwomĂšt 300 milyon ero.
Minis defans Ikrenyen OleksiĂŻ Reznikov te di. »PatenĂš nou yo konnen ke nou bezwen lajan epi yo te deklare tĂšt yo pare pou sipĂČte nou finansyĂšman. »
Gwoup donatĂš a gen pou rankontre ankĂČ nan mitan mwa septanm nan.
Nan kĂČmansman semĂšn sa a, Etazini te anonse nouvo Ăšd militĂš pou IkrĂšn, ki gen ladan misil.