
Direkte FBI Christopher Wray rive pou yon konferans pou lapres Mekredi nan Omaha, Nebraska, 20 Out 2022.
DirektĂš FBI la gen pawĂČl piman bouk pou patizan Prezidan Donald Trump ki ap sĂšvi ak retorik vyolan apre desantdelye ajan yo fĂš lakay ansyen prezidan an nan Mar-a-Lago, ki se rezidans li nan Palm Beach, Florid.
Christopher Wray deklare gen menas kap sikile sou entĂšnĂšt la kont ajan federal yo ak Depatman Jistis la ki « deplorab e danjre ».
Wray deklare « Vyolans kont la jistis se pa yon bon repons kĂšlkeswa moun ou ta fache avĂšl la. »
Wray fĂš komantĂš sa yo MĂškredi, apre yon konferans pou laprĂšs li te planifye byen lontan alavans nan biwo FBI genyen nan vil Omaha, eta Nebraska.
Li derefize reponn kestyon sou fouy lakay Trump la, ki te dire plizyĂš hĂšâd tan nan Palm Beach, eta Florid.