đŸ‡șđŸ‡žâ–¶ïžDepite Ameriken Scott Perry di FBI Sezi Telefon niđŸ”œ Li atik lađŸ”œ

đŸ‡·đŸ‡șđŸ‡șđŸ‡Šâ–¶ïžPrezidan Joe Biden Akeyi OfisyĂšlman Finland ak SwĂšd pou yo Antre nan Alyans l-OTAN
đŸ”œ Li atik lađŸ”œ

Prezidan Joe Biden akeyi ofisyĂšlman Finland ak SwĂšd pou yo antre nan alyans l-OTAN an madi, kote li siyen enstriman ratifikasyon-yo ki moutre ke li dakĂČ pou nasyon sa-yo nan nĂČ EwĂČp-la antre nan akĂČ defans komen-an.

Sa antre nan kad refĂČm kap fĂšt nan sekirite EwĂČp-la apre envazyon IkrĂšn-nan. Se semĂšn pase-a Sena-a te apwouve kĂČm manm alyans-la 2 nasyon sa-yo ki te non-

aliye depi lontan, e vĂČt-la te soti 95 a 1, bagay ki pa fĂšt fasil.

Peyi sa-yo te chache antre nan l-OTAN ane sa-a pou yo garanti sekirite-yo apre Prezidan ris Vladimir Putin te anvayi IkrĂšn. Tou le 30 manm Òganizasyon Trete Atlantik NĂČ-a-yo dwe bay konsantman-yo anvan pou Finland ak SwĂšd ka antre ofisyĂšlman nan alyans-la.

Laisser un commentaire