
SekretĂš Deta Etazini Anthony Blinken di li gen enkyetid sou nouvĂšl ki pale de yon lidĂš politik nan opozisyon-an ki anba kĂČd nan Kongo.
Nan 2Ăšm jou vizit-li nan nasyon sa-a nan sant Afrik-la, Blinken fĂš konnen delegasyon-li-a t-ap âchache jwenn plis verite sou sa-k pase-aâ konsĂšnan arestasyon-an ki fĂšt, dapre sa-l di, ânan dĂšnye 24 Ăš-yoâ. Blinken ajoute ke delegasyon-li-a te soulve kesyon sa-a ak gouvĂšnman Kongo-a, e li konsidere ke sa ka bay pwoblĂšm pou eleksyon ki gen pou dewoule lĂČt ane.
Blinken te rankontre tou ak Premye-minis peyi Kongo, Jean-Michel Sama Lukonde, e te resevwa kĂšk pĂšsonalite tankou loreya Pri NobĂšl LapĂš DoktĂš Denis Mukwege nan anbasad Etazini nan kapital Kongo-a Kinshasa.