đŸ‡·đŸ‡șđŸ‡șđŸ‡Šâ–¶ïžIkrĂšn: 14 Moun PĂšdi Lavi Yo Nan yon Atak Toupre Santral NikleyĂš ZaporizhiađŸ”œ Li atik lađŸ”œ

Yon Atak nan mitan lannwit soti madi pou rive mĂškredi toupre santral nikleyĂš Zaporizhia te koze lanmĂČ 14 moun.

E nan rejyon basen Donbass la, gen omwen 6 moun ki mouri tou e 3 lĂČt soti blese MĂškredi nan yon atak ke Ris yo te fĂ© sou vil Bakhmout.

MinistĂš Defans Britanik la te deklare MĂškredi: ke « KĂČmandan Ris yo toujou rete atache ak priyorite yo genyen ki ranfĂČse ofansif yo nan rejyon Donbass e ranfĂČse defans yo kont tout kont atak antisipe ke soldĂ  Ikrenyen yo te ka lanse kont yo.

Pou kontinye ak envazyon li a, « Larisi sĂštĂšnman fĂČme yon nouvo fĂČmasyon ki se, 3yĂšm KĂČ Lame a », ki baze nan rejyon Nizhny Novgorod, yon kĂČ sa gen ladann l tou « volontĂš », se deklarasyon sa yo ministĂ© defans peyi a te fĂš mĂškredi .

Laisser un commentaire